1. Home
  2. Nuestras Publicaciones
  3. Vwayaj pou jwenn lespwa:

Vwayaj pou jwenn lespwa:

Migrasyon fanm ayisyén pou rive Tapachula, Meksik. Creol
Vwayaj pou jwenn lespwa Migrasyon fanm ayisyén pou rive Tapachula, Meksik
2021
BRIDGE, CGRS e IMUMI

Sa se eksperyans yon fanm Ayisyèn k ap viv Tapachula, Meksik kote li menm ak dèmilye menm jan avè l te vwayaje pase nan sèt rive onz peyi diferan, swa depi Brezil swa Chili apre yo te fin sove kite Ayiti, men yo retwouve yo lage san sipò, izole, epi majinalize atoulè nivo. Tapachula se yon vil tou pre Gwatemala ki sèvi kòm yon espas tranzit pou migran Ayisyen pandan y ap ret tann papye k ap pèmèt yo vwayaje al lòt kote. Gen ladan yo k ap vize rive Etazini pou y al mande azil.

Rapò sa a dokimante endiyite migran Ayisyen ak fanm refijye yo sibi toulèjou sou wout yo ankèt yon refij pou yo rete, epi li ofri nou plis limyè sou rezilyans enstrawòdinè moun yo devan tout obstak yo kontre. Youn nan pi gwo fòs Rapò a se apwòch transvèsal li nan mete anfaz makònay enpak estrikti patriyak, rasyal, ak zenofobi ki predominan nan eksperyans fanm Ayisyèn lan. Fanm sa yo pa sèlman bije navige obstak legal ak sosyal difèt yo se resòtisan etranje, men yo dwe fè fas tou ak entolerans ki egziste nan rejyon y ap travèse yo epi kote y ap eseye tabli yo an. Jan rapò an souliye an, pami lòt pwoblèm toujou, politik rasis, zenofòb Etazini enplemante an depase teritwa l paske yo soutrete politik sa yo bay Meksiken ak lòt otorite pou yo ekzekite byen anvan refijye ak migran yo menm pwoche fwontyè Etazini an.

Compartir:

SÍGUENOS
Vwayaj pou jwenn lespwa:
Este sitio web utiliza cookies para mejorar tu experiencia. Al utilizar este sitio web aceptas nuestra Política de Protección de Datos.
Skip to content